
Direktè Konpayi Transpò Lekòl DIYITE lanse ofisyèlman, mèkredi 15 avril 2026, plizyè nouvo sikwi pou elèv yo, an prezans jounalis yo. Demach sa a vize amelyore aksè ak kalite sèvis transpò a nan plizyè zòn estratejik.
Nouvo sikwi yo kouvri Puits Blain, Sainte Claire, Delmas 75 ak Bourdon, sa ki ap fasilite deplasman chak jou pou anpil elèv.
Pandan entèvansyon li, Direktè a prezante ekskiz li bay paran yo, paske lansman sa a te dwe fèt depi lendi 13 avril. Li esplike reta a te koze pa yon kontretan teknik.
Li fè konnen inisyativ sa a antre nan yon plan amelyorasyon kontinyèl ak pwofesyonalizasyon sèvis la, pandan li mete aksan sou sekirite ak byennèt timoun yo.Direksyon an anonse tou li deja ap travay pou elaji sèvis la nan lòt komin ak lòt depatman nan peyi a.
Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl
Subscribe to get the latest posts sent to your email.
