
Kat ane apre li te rekòmanse fonksyone, Direksyon Jeneral Loteri Leta Ayisyen (LEH) fè konnen li kontinye travay pou mete plis regilasyon nan sektè jwèt aza ann Ayiti.
Nan yon konferans pou laprès, direktè komèsyal ak maketing LEH la, Munson Jean, esplike misyon enstitisyon an pa limite sèlman ak lotri, men li gen responsablite pou kontwole tout aktivite jwèt aza yo, tankou kazino ak paryaj espòtif.
Li fè konnen plizyè antrepriz ki te konn opere san tout otorizasyon nesesè yo deja regilarize sitiyasyon yo. LEH mete tou sou pye zouti dijital pou amelyore siveyans ak transparans nan sektè a.Munson Jean anonse gen lòt refòm k ap vini pou modènize enstitisyon an.
Li avèti operatè ki poko respekte egzijans legal yo, paske LEH pral ranfòse kontwòl li yo pou asire tout aktè nan sektè a fonksyone nan kad lalwa.
Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl
Subscribe to get the latest posts sent to your email.
