Thursday, July 9
PUBLICITÉ
COMPAGNIE DIGNITE

LAVI kontinye ranfòse estrikti li nan depatman Sidès

Òganizasyon sosyo-politik LAVI kontinye elaji ak ranfòse prezans li nan depatman Sidès atravè enstalasyon kowòdinasyon kominal La Vallée, ki te fèt madi 7 jiyè 2026 sou direksyon Biwo Kowòdinasyon Depatmantal LAVI nan Sidès.

Demach sa a antre nan vizyon òganizasyon an pou kontinye estriktire baz li yo epi ogmante patisipasyon sitwayen yo nan lavi politik ak sosyal peyi a. Nan okazyon sa a, Mesye Pierre-Saint Wilfrid enstale kòm kowòdonatè kominal LAVI pou komin La Vallée.

Responsab depatmantal yo salye angajman li epi eksprime konfyans yo nan kapasite li pou ranfòse òganizasyon an nan komin nan. LAVI reafime detèminasyon li pou kontinye bati estrikti solid ak pwòch popilasyon an nan tout depatman peyi a.


Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl

Subscribe to get the latest posts sent to your email.