Friday, May 8
PUBLICITÉ
COMPAGNIE DIGNITE

Transpò lekòl : DIYITE reòganize sikwi yo epi lanse nouvo trajè apati 13 avril

Nan yon nòt ofisyèl li voye bay paran yo, Direktè Konpayi Transpò Lekòl DIYITE anonse yon seri nouvo mezi pou amelyore kalite sèvis transpò pou elèv yo. Desizyon sa a vini apre plizyè rankont ak paran ki te eksprime enkyetid yo sou kondisyon deplasman timoun yo.

Daprè direksyon an, nouvo dispozisyon sa yo ap antre an aplikasyon apati lendi 13 avril 2026. Yo prevwa mete an plas plizyè nouvo sikwi pou kouvri plis zòn rezidansyèl, diminye reta, epi asire plis sekirite pou elèv yo pandan trajè yo.

Direktè a fè konnen refòm sa a antre nan yon lojik amelyorasyon kontinyèl ak pwofesyonalizasyon sèvis la. Li mete aksan sou angajman konpayi an pou mete sekirite ak byennèt timoun yo an premye.

Konpayi DIYITE lanse yon apèl bay paran yo pou kolabore, afin ke nouvo òganizasyon sa a kapab bay rezilta pozitif pou tout moun.


Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl

Subscribe to get the latest posts sent to your email.