
Pwopriyetè machin ki gen reta nan peman asirans yo ap gen yon nouvo opòtinite pou mete dosye yo annòd. Office Assurance Véhicules Contre Tiers (OAVCT) anonse lansman yon kanpay espesyal k ap dewoule soti 22 jen rive 22 jiyè 2026.
Anons sa a te fèt 18 jen pa Direksyon Jeneral enstitisyon an. Kanpay la konsène sèlman machin ki pou moun endividyèl.
Nan kad inisyativ sa a, motosiklis ki gen ant de ak twa lane reta ap gen posibilite renouvle polis asirans yo lè yo peye sèlman yon ane.
Pou pwopriyetè machin, machin tout teren ak kamyon ki gen omwen kat lane reta, yo pral sèlman peye ekivalan de lane kotizasyon pou mete dosye yo annòd.
Atravè mezi sa a, OAVCT vle ankouraje chofè yo pou yo respekte obligasyon legal yo pandan y ap benefisye kondisyon espesyal.
Enstitisyon an envite tout moun ki konsène yo pwofite okazyon sa a anvan fen kanpay la, ki fikse pou 22 jiyè 2026.
« Pwofite kanpay espesyal sa a pou regilarize sitiyasyon nou », se sa OAVCT raple nan yon kominike ki pote siyati Direktè Jeneral li a, Mèt Jocelin Pierre.
Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl
Subscribe to get the latest posts sent to your email.
