Hayti : Anviwon 150 mil moun ap viv ak maladi SIDA
1ye desanm 2024, Jounen Mondyal Kont SIDA selebre atravè lemond, se yon okazyon pou montre sipò pou moun ki viv ak VIH, e pou rann omaj a plis pase 42 milyon moun ki pèdi lavi yo akòz maladi a.
Tèm jounen sa a, "Suivons le chemin des droits", envite tout moun pou yo soutni dwa moun ki afekte pa VIH, pandan y ap kontinye batay kont stigmatizasyon ak diskriminasyon. Li raple nou ke menas VIH la toujou egziste epi li kontinye afekte anpil kominote nan tout mond lan.
Nan peyi Hayti, gen anviwon 150,000 moun ki viv ak VIH, e majorite yo ap suiv tretman antirretroviral. Malgre pwogrè sa yo, peyi a ap fè fas ak anpil defi nan kontwòl epi prevansyon maladi a. Stigmatizasyon kont moun ki gen VIH rete yon gwo baryè, sa ki fè ke anpil moun nan peyi a toujou ap ezite pou yo chèche swen ...










