Friday, May 8

AKTYALITE

ACCPAC: Yon nouvo zouti pou jesyon FNE
AKTYALITE

ACCPAC: Yon nouvo zouti pou jesyon FNE

Nan efò pou amelyore administrasyon piblik la, aplikasyon ACCPAC lan ap vin yon zouti kle pou Fond Nasyonal Edikasyon (FNE). Direktè Jeneral la, Sterline Civil, ap dirije yon pwojè ki vize asire yon pi bon jesyon resous yo, epi garanti yon trasabilite konplè sou tout operasyon yo. Sa ap pèmèt yon kontwòl pi sere sou aktivite yo e ogmante transparans nan fason resous yo jere. ACCPAC ap ofri zouti pou fè planifikasyon finansye, jere bidjè, epi prepare rapò sou depans. Aplikasyon an ap pèmèt FNE swiv tout tranzaksyon yo nan yon fason entegre e efikas, sa ki ap amelyore gouvènans ak konfyans nan sistèm nan. Sa se yon envestisman pou asire ke fon yo sèvi byen e ke edikasyon nan peyi a ap jwenn plis sipò. Aplikasyon ACCPAC ap rete kòm yon zouti referans, sa ki ap pèmèt FNE kenbe yo...
Sterline Civil mande yon Odit nan FNE
AKTYALITE

Sterline Civil mande yon Odit nan FNE

Nouvo direktè jeneral Fonds National de l’Éducation (FNE) a, Sterline Civil, ap mete transparans nan mitan aksyon li yo. Li mande Kou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif (CSC/CA) pou l fè yon odit jeneral sou fason administrasyon anvan an te jere fon edikasyon yo. Se yon mezi pou asire tout lajan FNE a te itilize nan bon jan kondisyon pou edikasyon timoun yo.An menm tan, li reponn tou yon demann Inite Lit kont Koripsyon (ULCC) ki ap mennen ankèt sou aspè finansye FNE a. Li mete tèt li disponib pou bay tout dokiman ki nesesè pou fè limyè sou sa ki te pase.Avèk aksyon sa yo, Sterline Civil montre li detèmine pou mete FNE sou wout bon jan jesyon. Rapò odit la ap detèmine si gen iregilarite epi si chanjman estriktirèl nesesè pou asire pi bon itilizasyon resous edikat...
200 Polisye kényan anplis debake nan Pòtoprens pou konbat vyolans gang yo
AKTYALITE

200 Polisye kényan anplis debake nan Pòtoprens pou konbat vyolans gang yo

Yon nouvo gwoup 200 polisye kényan rive Hayti jedi sa a, nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture, pou vin ranfòse operasyon sekirite kont gang ame k ap simen laterè atravè kapital la ak lòt rejyon yo. Se nan kad Misyon miltinasyonal sipò pou sekirite ke Kenya ap dirije, polisye sa yo vini pou bay Polis Nasyonal la sipò nan batay kont ensekirite a ki t ap depase kapasite fòs lokal yo. Yo pral deplwaye rapidman nan zòn ki pi cho yo, tankou Cité Soleil, Martissant, Delmas, ak lòt katye kote gang yo ap fè lalwa. Otorite ayisyen yo espere ke ranfò sa a ap bay yon souf nouvo pou pèp la ki viktim kidnaping, asasina, ak zak vyolans chak jou. « Se yon etap enpòtan pou montre ke nou pa pral kite peyi a tonbe nèt anba men kriminèl yo, » dapre sa yon ofisyèl sekirite deklare. ...
Ayiti Selebre 221èm Anivèsè Endepandans li ak Onè pou Zansèt yo
AKTYALITE

Ayiti Selebre 221èm Anivèsè Endepandans li ak Onè pou Zansèt yo

Mèkredi 1ye janvye 2025, Hayiti selebre 221èm anivèsè endepandans li avèk yon seremoni espesyal nan vil Gonayiv, kote premye Repiblik Nwa te deklare libète li nan lane 1804. Seremoni sa a te fèt nan Moniman Endepandans lan, yon kote ki chaje ak istwa ak fyète. Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, ki te akonpanye pa plizyè manm nan gouvènman li a, te prezan pou rann omaj bay ewo ki te goumen pou libere Hayiti anba chenn esklavaj. Nan diskou li, Premye Minis la te felisite gason ak fanm vanyan sa yo ki te mennen batay libète a, pandan l te raple enpòtans eritaj sa a pou pèp hayitien an. “Jodi a, pandan n ap sonje ak respe memwa zansèt nou yo, nou dwe pran angajman pou n kontinye batay yo te kòmanse a,” dekarasyon Premye Minis lan. “Lit sa a pa sèlman pou libète, men tou pou jist...
Lapolis ak Lame kraze barikad gang yo te mete nan Tabarre
AKTYALITE

Lapolis ak Lame kraze barikad gang yo te mete nan Tabarre

Nan maten lendi 30 desanm la, yon operasyon konjwen ant Lame Ayisyen ak Lapolis te vize barikad gang Kraze Baryè ki anba kontwòl chèf gang Vitelhomme Innocent, nan zòn Tabarre 53. Objektif entèvansyon an se te retabli sikilasyon nan yon zòn ki gen gwo enpòtans estratejik. Fòs sekirite yo te demoli tout barikad kriminèl yo te monte pou kontwole aks wout yo. Barikad sa yo, ki te fèt ak kawotchou ki boule, machin ki boule nèt, ak gwo blòk beton, te bloke trafik epi simen laperèz nan mitan popilasyon an. Pandan operasyon an, anpil kout zam te echanje ant gang yo ak fòs sekirite yo. Sepandan, gang yo, ki sanble pa t prepare pou yon operasyon nan nivo sa a, te kouri kite zòn nan.
Plizyè bandi mouri nan yon operasyon lapolis nan Sarthe, daprè lapolis
AKTYALITE

Plizyè bandi mouri nan yon operasyon lapolis nan Sarthe, daprè lapolis

Lapolis Nasyonal anonse ke plizyè bandi mouri jedi 26 desanm lan pandan yon operasyon ki fèt nan zòn Sarthe. Daprè sa otorite yo rapòte, fòs lòd yo te konfiske tou de zam pandan entèvansyon an, ki vize yon gwoup gang ki t ap simen laterè nan zòn nan. Daprè lapolis, operasyon an te fèt aprè yo te resevwa enfòmasyon klè sou mouvman gang yo nan zòn nan. Enfòmasyon yo fè kwè ke bandi yo te planifye yon seri zak kriminèl kont popilasyon an, sa ki te mennen lapolis pou reyaji rapidman. Plizyè bandi te pran bal epi yo deklare mouri sou plas, pandan lòt te chape poul yo. Otorite yo di operasyon yo ap kontinye pou arete tout manm gang ki enplike yo.
Hayti : Anviwon 150 mil moun ap viv ak maladi SIDA
AKTYALITE

Hayti : Anviwon 150 mil moun ap viv ak maladi SIDA

1ye desanm 2024, Jounen Mondyal Kont SIDA selebre atravè lemond, se yon okazyon pou montre sipò pou moun ki viv ak VIH, e pou rann omaj a plis pase 42 milyon moun ki pèdi lavi yo akòz maladi a. Tèm jounen sa a, "Suivons le chemin des droits", envite tout moun pou yo soutni dwa moun ki afekte pa VIH, pandan y ap kontinye batay kont stigmatizasyon ak diskriminasyon. Li raple nou ke menas VIH la toujou egziste epi li kontinye afekte anpil kominote nan tout mond lan. Nan peyi Hayti, gen anviwon 150,000 moun ki viv ak VIH, e majorite yo ap suiv tretman antirretroviral. Malgre pwogrè sa yo, peyi a ap fè fas ak anpil defi nan kontwòl epi prevansyon maladi a. Stigmatizasyon kont moun ki gen VIH rete yon gwo baryè, sa ki fè ke anpil moun nan peyi a toujou ap ezite pou yo chèche swen ...
Lapolis atake gang Barbecue nan ba Delmas: Plizyè bandi tonbe
AKTYALITE

Lapolis atake gang Barbecue nan ba Delmas: Plizyè bandi tonbe

Dimanch 24 novanm, Lapolis Nasyonal Ayiti te lanse yon operasyon fò kont gang Barbecue nan fief li, nan Ba Delmas. Dapre sous ki sòti nan Lapolis, plizyè manm gang lan tonbe pandan operasyon an, men yon bilan ofisyèl poko disponib. Operasyon an te fèt nan yon atmosfè tansyon ak echanj kout bal ant fòs lapolis yo ak bandi yo. Moun nan zòn nan temwaye de sèn ki te sanble ak konfli, kote plizyè sivivan ap chache pwoteksyon pandan batay la. Chef gang Barbecue, ki se youn nan kriminèl ki pi chèche nan peyi a, se yon moun ki gen gwo enfliyans nan kèk katye nan Pòtoprens. Li te vin tounen yon sijè rechèch enpòtan pou Lapolis, ki ap fè fas ak yon kriz sekirite grav kote gang yo gen kontwòl sou anpil zòn. Malgre entèvansyon sa a, Lapolis poko bay plis detay sou kantite moun ki ...
Operasyon lapolis nan Kenscoff : 4 bandi tonbe
AKTYALITE

Operasyon lapolis nan Kenscoff : 4 bandi tonbe

Samdi 24 novanm 2024, yon operasyon lapolis fèt nan zòn Kenscoff ki abouti ak eliminasyon kat (4) moun lapolis dekri kòm bandi, dapre yon deklarasyon ofisyèl Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH). Pandan operasyon an, gen echanj kout zam ki fèt, ki lakoz moun sa yo pèdi lavi yo. Lapolis fè konnen operasyon an pèmèt yo konfiske de (2) zam ak yon machin bandi yo t ap sèvi pou fè zak malonèt yo. Sepandan, otorite yo poko bay okenn enfòmasyon sou idantite moun ki mouri yo, ni sou rezo kriminèl yo ta fè pati.
Misyon loni an Ayiti : Lachin ak Larisi kenbe pozisyon yo
AKTYALITE

Misyon loni an Ayiti : Lachin ak Larisi kenbe pozisyon yo

Pandan dènye reyinyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an, Lachin ak Larisi te reyafime opozisyon yo kont deplwaman yon fòs pou lapè an Ayiti. Dapre de gwo peyi sa yo, kondisyon ki nesesè pou yon misyon konsa pa reyini. Reprezantan Larisi yo kwè ke kriz la an Ayiti sòti sitou nan pwoblèm gouvènans, ke se yon solisyon entènen sèlman ki ka rezoud li. Lachin, nan lòt men an, ap defann yon apwòch lokal ak konsansyèl, li kwè ke yon entèvansyon etranjè ta ka agrave tansyon yo e divize peyi a plis toujou. Pozisyon sa a bloke nenpòt avanse sou dosye a, malgre apèl prese prese plizyè manm Konsèy Sekirite a, tankou Etazini ak Lafrans, ki konsidere yon entèvansyon entènasyonal kòm endispansab pou frennen vyolans lan ak efondreman enstitisyon ayisyen yo. Pandan tan sa, sitiyasyon an Ayi...