Woodjery Dupré, Vizit Solidè Nan Kad Batay Kont Ensekirite
Nan lide pou akonpanye viktim kont ensekirite yo, mwen menm, Woodjery Dupré, L’homme Social, te fè yon vizit enpòtan jounen lendi 25 novanm 2024 nan komin Pétion-Ville, espesyalman sou Wout Frères, nan Institisyon Jean Mary César.
Sant sa a se youn nan katèn sant ki ap resevwa fanmi ki oblije kite kay yo anba menas ensekirite jeneralize nan peyi a.Sa make kè m anpil pou m wè kijan sitiyasyon sa detwi lavi moun, men li ban m plis fòs pou m kontinye batay.
Nan kad angajman mwen kòm yon pitit Pétion-Ville, mwen rete fèm pou m ekzije CPT (Conseil Présidentiel de Transition) ansanm ak Premye Minis Alix Didier Fils Aimé pou yo reponn ak obligasyon yo pou garanti sekirite pou tout Ayisyen.
Nou mande tou pou yo mete sou pye pi bon kondisyon chak jou pou tout Ayisye...










