Wednesday, April 16

AKTYALITE

Omwen 262 moun mouri nan de mwa nan atak brital ki fèt nan Kenscoff
AKTYALITE

Omwen 262 moun mouri nan de mwa nan atak brital ki fèt nan Kenscoff

Atak ki ap fèt depi plis pase de mwa nan Kenscoff, yon komin ki chita sou mòn Pòtoprens, lakoz omwen 262 moun mouri ak 66 lòt blese, pami yo genyen omwen 53 % ki sòti nan popilasyon sivil la epi 47 % ki te afilye ak gwoup kriminèl yo, selon yon rapò Biwo Entegre Nasyonzini ann Ayiti (BINUH) ak Oganizasyon Nasyonzini pou Dwa Moun (HCDH) pibliye jodi a. « Enfòmasyon ekip nou ranmase epi verifye atravè yon ankèt ki te fèt ak anpil presizyon montre atak yo sou Kenscoff te akonpaye ak yon mechanste ekstrèm, avèk entansyon simen laperèz nan mitan popilasyon an », se sa Maria Isabel Salvador, ki se Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an ann Ayiti ak Chèf BINUH, deklare. Yo egzekite Gason, fanm ak timoun andedan kay yo, yo tire kèk lòt sou chemen pandan yo t’ap eseye sove...
Willot Joseph denonse desizyon sispèk nan jesyon atak sou Mirebalais
AKTYALITE

Willot Joseph denonse desizyon sispèk nan jesyon atak sou Mirebalais

Ansyen senatè Willot Joseph leve vwa l sou fason otorite yo te reponn atak ki fèt sou Mirebalais lendi 31 mas pase a. Daprè li, desizyon sispèk te ralanti repons fòs espesyal yo, bay bandi yo avantaj sou tèren an. Joseph fè konnen direktè depatmantal polis la te pran desizyon ki mete fren sou entèvansyon rapid ajan UTAG ak SWAT yo. « Olye pou yo te debake ak elikoptè nan Lascahobas oswa Boukan Kare, ki pi pre Mirebalais, yo te voye yo Hinche. Se sa ki fè yo te oblije vwayaje sou wout pou rive sou sèn nan, sa ki pèdi anpil tan », li eksplike. Dapre li, chwa sa a te rann entèvansyon an mwens efikas epi bay bandi yo plis tan pou yo ranfòse pozisyon yo. Joseph mande si desizyon sa yo se te erè lojistik oswa yon estrateji pou echwe operasyon an. Pou kounye a, otorite yo pok...
OFATMA : 26 kontraktyèl nan ti pèsonèl la jwenn nominasyon yo
AKTYALITE

OFATMA : 26 kontraktyèl nan ti pèsonèl la jwenn nominasyon yo

OFATMA fè yon gwo pa sou direksyon Enjenyè Agronòm Vikerson Garnier. Aprè plizyè ane travay san asirans pou demen, 26 anplwaye kontraktyèl ki nan ti pèsonèl yo finalman jwenn plas yo jan sa dwe ye. Desizyon sa a mete fen nan enstabilite yo t ap viv epi bay plis sekirite pou travayè sa yo. Nouvo direksyon an vle mete plis jistis ak respè pou dwa tout anplwaye. Pandan lontan, kontraktyèl sa yo t ap travay san benefis yon estati pèmanan, malgre yo te enpòtan nan bon fonksyònman OFATMA. Jodia, ak regilarizasyon sa a, direksyon an voye yon siyal klè : li vle yon jesyon ki pi klè, pi jis, epi ki bay chak moun sa yo merite. Men sa pa la sèlman. Vikerson Garnier vle fè OFATMA tounen yon enstitisyon ki mache pi byen, kote transparans ak bon jan kondisyon travay se priyorite. Avèk chan...
OFATMA angaje l pou egalite ak emansipasyon fanm nan Jounen Entènasyonal Dwa Fanm lan
AKTYALITE

OFATMA angaje l pou egalite ak emansipasyon fanm nan Jounen Entènasyonal Dwa Fanm lan

Nan okazyon 8 mas, Jounen Entènasyonal Dwa Fanm, OFATMA renouvle angajman li pou ankouraje egalite ant sèks yo e pou soutni emansipasyon fanm nan tout sektè nan sosyete a ak nan travay. Fanm yo jwe yon wòl kle nan enstitisyon nou an, yo pote ekspètiz yo, devouman yo ak vizyon inik yo ki kontribye nan kwasans OFATMA. Wòl yo enpòtan, pa sèlman nan jesyon chak jou, men tou nan definisyon lavni enstitisyon an, pou n site pawol Direktè Jeneral la, Vikerson Garnier. Egalite chans se yon poto mitan sou ki nou bati yon avenir pwospè. Nan OFATMA, nou angaje nou pou kreye opòtinite egal pou tout moun, ankouraje divèsite e garanti ke chak fanm ka jwe yon wòl kle nan devlopman peyi a. Nan okazyon jounen sa a, nou selebre fòs, rezistans ak kontribisyon fanm nan sosyete a. Ansanm, a...
Dominikani bloke gwo kagezon zam ki tap vini Hayti
AKTYALITE

Dominikani bloke gwo kagezon zam ki tap vini Hayti

Otorite Dominikèn yo sispann yon gwo kagezon zam ak minisyon ki t ap sòti Etazini pou ale Hayiti, daprè jounal Diario Libre. Dekouvèt la fèt pandan yon enspeksyon nan pò Sen-Domeng, kote otorite yo mete men sou zam lou ki te kapab ogmante vyolans ann Ayiti. Nan sa yo te sezi yo, te gen yon fiziyad Barret 50 mm, 17 fizi 7.62 mm, yon fizi 9 mm, 5 pistolè Glock 9 mm, yon mitrayèt Uzi, 36 000 katouch diferan kalib, 18 chaje fizi ak 13 chaje 9 mm, yon chaje 50 mm, yon silansyè ak yon bwat pistolè. Otorite Dominikèn yo ouvri ankèt pou idantifye kiyès ki te voye ak resevwa kagezon sa a. Yo di y ap kontinye efò pou anpeche Dominikani sèvi kòm wout trafik zam, yon fenomèn ki ap agrave ensekirite epi bay gang plis pouvwa ann Hayti.
ACCPAC: Yon nouvo zouti pou jesyon FNE
AKTYALITE

ACCPAC: Yon nouvo zouti pou jesyon FNE

Nan efò pou amelyore administrasyon piblik la, aplikasyon ACCPAC lan ap vin yon zouti kle pou Fond Nasyonal Edikasyon (FNE). Direktè Jeneral la, Sterline Civil, ap dirije yon pwojè ki vize asire yon pi bon jesyon resous yo, epi garanti yon trasabilite konplè sou tout operasyon yo. Sa ap pèmèt yon kontwòl pi sere sou aktivite yo e ogmante transparans nan fason resous yo jere. ACCPAC ap ofri zouti pou fè planifikasyon finansye, jere bidjè, epi prepare rapò sou depans. Aplikasyon an ap pèmèt FNE swiv tout tranzaksyon yo nan yon fason entegre e efikas, sa ki ap amelyore gouvènans ak konfyans nan sistèm nan. Sa se yon envestisman pou asire ke fon yo sèvi byen e ke edikasyon nan peyi a ap jwenn plis sipò. Aplikasyon ACCPAC ap rete kòm yon zouti referans, sa ki ap pèmèt FNE kenbe yo...
Sterline Civil mande yon Odit nan FNE
AKTYALITE

Sterline Civil mande yon Odit nan FNE

Nouvo direktè jeneral Fonds National de l’Éducation (FNE) a, Sterline Civil, ap mete transparans nan mitan aksyon li yo. Li mande Kou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif (CSC/CA) pou l fè yon odit jeneral sou fason administrasyon anvan an te jere fon edikasyon yo. Se yon mezi pou asire tout lajan FNE a te itilize nan bon jan kondisyon pou edikasyon timoun yo.An menm tan, li reponn tou yon demann Inite Lit kont Koripsyon (ULCC) ki ap mennen ankèt sou aspè finansye FNE a. Li mete tèt li disponib pou bay tout dokiman ki nesesè pou fè limyè sou sa ki te pase.Avèk aksyon sa yo, Sterline Civil montre li detèmine pou mete FNE sou wout bon jan jesyon. Rapò odit la ap detèmine si gen iregilarite epi si chanjman estriktirèl nesesè pou asire pi bon itilizasyon resous edikat...
200 Polisye kényan anplis debake nan Pòtoprens pou konbat vyolans gang yo
AKTYALITE

200 Polisye kényan anplis debake nan Pòtoprens pou konbat vyolans gang yo

Yon nouvo gwoup 200 polisye kényan rive Hayti jedi sa a, nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture, pou vin ranfòse operasyon sekirite kont gang ame k ap simen laterè atravè kapital la ak lòt rejyon yo. Se nan kad Misyon miltinasyonal sipò pou sekirite ke Kenya ap dirije, polisye sa yo vini pou bay Polis Nasyonal la sipò nan batay kont ensekirite a ki t ap depase kapasite fòs lokal yo. Yo pral deplwaye rapidman nan zòn ki pi cho yo, tankou Cité Soleil, Martissant, Delmas, ak lòt katye kote gang yo ap fè lalwa. Otorite ayisyen yo espere ke ranfò sa a ap bay yon souf nouvo pou pèp la ki viktim kidnaping, asasina, ak zak vyolans chak jou. « Se yon etap enpòtan pou montre ke nou pa pral kite peyi a tonbe nèt anba men kriminèl yo, » dapre sa yon ofisyèl sekirite deklare. ...
Ayiti Selebre 221èm Anivèsè Endepandans li ak Onè pou Zansèt yo
AKTYALITE

Ayiti Selebre 221èm Anivèsè Endepandans li ak Onè pou Zansèt yo

Mèkredi 1ye janvye 2025, Hayiti selebre 221èm anivèsè endepandans li avèk yon seremoni espesyal nan vil Gonayiv, kote premye Repiblik Nwa te deklare libète li nan lane 1804. Seremoni sa a te fèt nan Moniman Endepandans lan, yon kote ki chaje ak istwa ak fyète. Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, ki te akonpanye pa plizyè manm nan gouvènman li a, te prezan pou rann omaj bay ewo ki te goumen pou libere Hayiti anba chenn esklavaj. Nan diskou li, Premye Minis la te felisite gason ak fanm vanyan sa yo ki te mennen batay libète a, pandan l te raple enpòtans eritaj sa a pou pèp hayitien an. “Jodi a, pandan n ap sonje ak respe memwa zansèt nou yo, nou dwe pran angajman pou n kontinye batay yo te kòmanse a,” dekarasyon Premye Minis lan. “Lit sa a pa sèlman pou libète, men tou pou jist...
Lapolis ak Lame kraze barikad gang yo te mete nan Tabarre
AKTYALITE

Lapolis ak Lame kraze barikad gang yo te mete nan Tabarre

Nan maten lendi 30 desanm la, yon operasyon konjwen ant Lame Ayisyen ak Lapolis te vize barikad gang Kraze Baryè ki anba kontwòl chèf gang Vitelhomme Innocent, nan zòn Tabarre 53. Objektif entèvansyon an se te retabli sikilasyon nan yon zòn ki gen gwo enpòtans estratejik. Fòs sekirite yo te demoli tout barikad kriminèl yo te monte pou kontwole aks wout yo. Barikad sa yo, ki te fèt ak kawotchou ki boule, machin ki boule nèt, ak gwo blòk beton, te bloke trafik epi simen laperèz nan mitan popilasyon an. Pandan operasyon an, anpil kout zam te echanje ant gang yo ak fòs sekirite yo. Sepandan, gang yo, ki sanble pa t prepare pou yon operasyon nan nivo sa a, te kouri kite zòn nan.