
Kidnapping yo ap ogmante san rete nan peyi a. Nan premye sis mwa ane 2025 la, plis pase 336 moun te kidnape, selon yon rapò Nasyon Zini. Pami ka sa yo, gen Gena Heraty, yon misyonè ilandè bandi kenbe kòm otaj ansanm ak plizyè anplwaye yon òfelina nan zòn Kenscoff.
Kidnapping se yon pratik ki vin tounen yon zam pou gang yo nan zòn Port-au-Prince ak alantou yo. Yo itilize l pou fè lajan, enstale laperèz mitan nan popilasyon an, epi afime kontwòl yo.
Rapò ONI an montre ke plis pase 3 100 moun mouri nan premye mwatye ane 2025 la akoz vyolans gang yo, epi plis pase 1 milyon moun oblije kite kay yo pou chape anba danje.
Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl
Subscribe to get the latest posts sent to your email.
