Saturday, March 7
PUBLICITÉ
COMPAGNIE DIGNITE

FNE lanse distribisyon sibvansyon pou lekòl ak fanmi viktim ensekirite

Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) anonse lansman ofisyèl Pwogram Apui pou Lekòl ak Fanmi viktim Ensekirite (PAEF), yon inisyativ ki vize soulaje soufrans fanmi ak lekòl ki sibi zak vyolans ak deplasman fòse.

Fanmi yo ak direktè lekòl yo ki sou lis la ka ale nan sikisal BNC ki pi pre yo pou ranmase lajan ki rezève pou yo, apre yo fin resevwa yon mesaj konfimasyon pa SMS.

Benefisyè yo dwe prezante ak kat idantite ak tout lòt dokiman ki nesesè pou yo ka fè retrè a san difikilte.An menm tan, FNE envite direktè 43 lekòl prive ki sou lis Ministè Edikasyon Nasyonal la pou yo vini pran chèk sibvansyon yo nan kontablite FNE, nan dat 4 jiyè 2025.

Dapre responsab yo, operasyon sa a se yon pa enpòtan pou sipòte edikasyon nan zòn ki afekte pa laterè ak dezòd, e li montre angajman FNE pou garanti tout timoun gen aksè ak lekòl, malgre sitiyasyon difisil peyi a ap travèse.


Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl

Subscribe to get the latest posts sent to your email.