Wednesday, April 16

Entoks : Lapolis pa arete Kòmandan Samuel vre

Kontrèman ak enfòmasyon ki t ap sikile pandan kèk èdtan, “Komandan Samuel”, ki se yon polisye nan USGPN epi yon figi kle nan rezistans ame Canapé-Vert, pa jwenn arestasyon li vre. Rimè sa a, ki gaye tankou dife nan savann, soulve anpil kesyon sou atitid Leta fas ak gwoup ki deside defann tèt yo.

Si fo enfòmasyon sa a fè anpil bri, se paske li tonbe nan yon klima kote pèp la gen pi plis dout sou otorite yo. Pandan gang yo ap elaji kontwòl yo sou peyi a, fòs sekirite yo parèt pi rapid pou mete men sou sila yo ki reziste olye yo konbat kriminèl yo.

Entoks sa a mete aksan sou enkyetid anpil sitwayen : Èske Leta ap janm goumen seryezman kont gang yo, oswa l ap kontinye politik soumèt li yo? Pandanstan, “Komandan Samuel” toujou sou plas, pou batay pou sove Canapé-Vert.


Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl

Subscribe to get the latest posts sent to your email.