Tuesday, June 3
Barre Publicité
PUBLICITÉ
Le FNE protège – Le FNE s’engage – Le FNE agit !

Carl FRANÇOIS ak ekip li te fè OFATMA tounen biznis zanmitay

Rapò ULCC a mete limyè sou yon zak malonèt ki te ap fèt sou do pèp la. Carl FRANÇOIS, ansyen Direktè Jeneral OFATMA, se pa yon direktè li te ye, se yon predatè ki te sèvi ak lajan Leta tankou si se te eritaj fanmi l.

Daprè ULCC, 107,6 milyon goud te soti nan OFATMA pou al jwenn de konpayi prive : VALCUISINE ak OLEY Event & Food Services. Men pi grav toujou: okenn frè taks pa t retire pou DGI. Sa lakoz Leta pèdi plis pase 2 milyon goud an taks ki pa t janm ranmase. Se yon vòl legalize yo te ap fè.

Rapò a revele tou kontrak sa yo te pase san respè pou lwa sou mache piblik la, ak konplisite kèk lòt pèsonaj tankou Valmine Jean JACQUES ak Valérie Nadia VICTOR. Yo tout riske pouswit pou fo, itilizasyon fo, ak abi fonksyon.

ULCC mande :
– Pou tout kont labank VALCUISINE ak OLEY frize
– Pou tout kontra sispann touswit
– Pou Kour Superyè Kont mete Carl FRANÇOIS anba mikwoskòp
– Pou lajistis mete men sou misye pou koripsyon, magouy, ak vol piblik

Lajan sa yo se lajan moun ki malad, travayè, fanm ansent, e timoun. Carl FRANÇOIS kraze OFATMA epi li kite dèyè yon tras sabòtaj.


Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl

Subscribe to get the latest posts sent to your email.