
Pierre Réginald Boulos anba men otorite imigrasyon ameriken depi kèk tan. Li nan yon sant detansyon pou imigran ki nan Eta Florid.
Daprè dokiman ofisyèl ki parèt sou sit tribinal imigrasyon an, li gen pou l parèt devan jij Jorge Pereira nan dat 31 jiyè 2025. Tribinal la konfime dosye a toujou ap suiv nan kad regleman imigrasyon yo.
Arestasyon Réginald Boulos la soti nan kèk enkonkistans ki te nan dosye li lè li t ap fè demann pou kat vèt Ozetazini.
Se sa ki pouse ICE mete men sou li. Jiskaprezan, pa gen plis detay sou nati enkonkistans sa yo, men dosye a kontinye ap evolye.
Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl
Subscribe to get the latest posts sent to your email.
