Harmel Cazeau Deklare Ayiti Ap Fè Fas Ak Yon Kriz Alimantè Alarman
Koòdonatè nan Koòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè (CNSA), Harmel Cazeau, te revele, jedi, ke Ayiti ap fè fas ak yon kriz alimantè ki trè alarman. Li te anonse ke 5,4 milyon moun, sa vle di 48% nan popilasyon an, ap viv kounye a nan yon sitiyasyon ensekirite alimantè.