Wednesday, April 16

Willot Joseph denonse desizyon sispèk nan jesyon atak sou Mirebalais

Ansyen senatè Willot Joseph leve vwa l sou fason otorite yo te reponn atak ki fèt sou Mirebalais lendi 31 mas pase a. Daprè li, desizyon sispèk te ralanti repons fòs espesyal yo, bay bandi yo avantaj sou tèren an.

Joseph fè konnen direktè depatmantal polis la te pran desizyon ki mete fren sou entèvansyon rapid ajan UTAG ak SWAT yo. « Olye pou yo te debake ak elikoptè nan Lascahobas oswa Boukan Kare, ki pi pre Mirebalais, yo te voye yo Hinche. Se sa ki fè yo te oblije vwayaje sou wout pou rive sou sèn nan, sa ki pèdi anpil tan », li eksplike.

Dapre li, chwa sa a te rann entèvansyon an mwens efikas epi bay bandi yo plis tan pou yo ranfòse pozisyon yo. Joseph mande si desizyon sa yo se te erè lojistik oswa yon estrateji pou echwe operasyon an.

Pou kounye a, otorite yo poko bay okenn repons sou akizasyon sa yo. Pèp la ap tann klarifikasyon sou sa k pase, paske jan sitiyasyon sekirite peyi a ap degrade a, se pa ti enkyetid sa soulve.


Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl

Subscribe to get the latest posts sent to your email.