Wednesday, April 16

Omwen 262 moun mouri nan de mwa nan atak brital ki fèt nan Kenscoff

Atak ki ap fèt depi plis pase de mwa nan Kenscoff, yon komin ki chita sou mòn Pòtoprens, lakoz omwen 262 moun mouri ak 66 lòt blese, pami yo genyen omwen 53 % ki sòti nan popilasyon sivil la epi 47 % ki te afilye ak gwoup kriminèl yo, selon yon rapò Biwo Entegre Nasyonzini ann Ayiti (BINUH) ak Oganizasyon Nasyonzini pou Dwa Moun (HCDH) pibliye jodi a.

« Enfòmasyon ekip nou ranmase epi verifye atravè yon ankèt ki te fèt ak anpil presizyon montre atak yo sou Kenscoff te akonpaye ak yon mechanste ekstrèm, avèk entansyon simen laperèz nan mitan popilasyon an », se sa Maria Isabel Salvador, ki se Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an ann Ayiti ak Chèf BINUH, deklare.

Yo egzekite Gason, fanm ak timoun andedan kay yo, yo tire kèk lòt sou chemen pandan yo t’ap eseye sove anba vyolans lan. Yo boule kadav viktim yo apre. Gen zak vyolans seksyèl, tankou vyòl, ki te fèt sou fanm ak jèn tifi. Apeprè 200 kay te detwi oswa ensandye, epi plis pase 3 000 moun te oblije kouri kite zòn nan.

Gwoup kriminèl yo te mennen atak sa yo pou ogmante kontwòl yo sou lokalite ki sou mòn Kenscoff, ak objektif pou destabilize komin Petyonvil. Lè yo ogmante enfliyans yo sou zòn sa a, gwoup sa yo ansanm ak moun ki sipòte yo ap chèche afebli gouvènman an pi plis toujou.

Nan premye jou atak yo, 27 janvye, fòs sekirite ayisyèn yo te deplwaye ak reta. Men, apre sa, malgre mwayen yo limite epi pifò pèsonèl yo te deja sou lòt front nan kapital la, yo te kòmanse ogmante prezans yo ti pa ti pa nan komin Kenscoff, avèk sipò Misyon Miltinasyonal pou Sipò Sekirite a (MMS).

Deplwaman sa a pèmèt yo ralanti avanse gwoup kriminèl yo, men yo poko rive retabli lòd piblik la.

Dènye atak yo te fèt nan komin Kenscoff ant 24 ak 27 mas, sa ki montre prezans kontinyèl gwoup kriminèl yo epi kapasite yo pou mete plizyè selil nan zòn nan. Depi kòmansman konfwontasyon yo, kat (4) manm fòs sekirite yo pèdi lavi yo, epi kat (4) lòt blese. Gen yon eleman MMS ki te blese tou.

Depi atak yo te kòmanse, sèvis Leta, tankou Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Asenisman, ajans Nasyonzini yo ak plizyè òganizasyon non-gouvènmantal nasyonal ak entènasyonal te bay asistans imanitè ak mezi pwoteksyon pou moun ki afekte yo.

Sepandan, inisyativ sa yo poko ase lè n gade kantite bezwen ki genyen, ak gwo chòk sikolojik moun ki sove yo ap viv, espesyalman timoun yo ki te swa viktim swa temwen dirèk zak vyolans ekstrèm sa yo, tankou zak vyolans seksyèl.

Rapò a genyen tou rekòmandasyon pou otorite ayisyèn yo epi pou kominote entènasyonal la pou amelyore sitiyasyon sekirite a epi sipòte fòs sekirite yo.

Pwosesis ranmase enfòmasyon pou ankèt sa a te fèt ak anpil rigè, atravè dokimantasyon ak verifikasyon, sa ki te pèmèt yo idantifye klèman lòd evènman yo jan yo te pase nan Kenscoff. Metòd sa a pèmèt yo montre atak yo te fèt an 6 etap, ki detaye ak presizyon nan rapò ki pibliye jodi a.


Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl

Subscribe to get the latest posts sent to your email.