
Depi Vikerson Garnier monte kòm Direktè Jeneral OFATMA, li lanse yon seri chanjman pou mete plis jistis nan jesyon pèsonèl la.
Youn nan premye aksyon li, se regilarizasyon plizyè kontraktyèl ki t ap travay depi plizyè ane san estati ofisyèl.
Anplwaye sa yo soti nan biwo Tabarre ak inite medikal SONAPI. Gen ladan yo ki t ap travay depi plis pase dis ane san sekirite ni rekonesans.
.“Se yon jistis nou t ap tann depi lontan,” youn nan yo deklare.Pou Garnier, se pa sèlman nonmen moun, men mete diyite anplwaye yo nan sant travay la.
Daprè responsab yo, lòt regilarizasyon ap fèt byento. Se premye pa nan yon vizyon pou bay OFATMA plis efikasite ak respè pou dwa travayè yo.
Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl
Subscribe to get the latest posts sent to your email.