Monday, June 16
Barre Publicité
PUBLICITÉ
Le FNE protège – Le FNE s’engage – Le FNE agit !

OFATMA mennen plizyè pasyan al pran swen Kiba

Yon gwoup dizèn moun ki asire nan OFATMA kite Ayiti vandredi maten, sou yon vòl medikal espesyal, pou ale resevwa swen espesyalize nan peyi Kiba. Pami yo, gen polisye, jounalis ak lòt moun ki gen maladi grav, ke sistèm sante ayisyen an pa ka trete.

Responsab OFATMA yo fè konnen chak ka te sibi yon evalyasyon medikal strik pa yon komisyon espesyal depi plizyè semèn. Objektif la se te chwazi dosye ki vrèman merite èd e asire tout kondisyon medikal ak lojistik te reyini pou vwayaj la fèt san danje.

Gen kèk moun ki te gen dwa ale ak yon fanmi pou sipò moral pandan tout sejou a. Epi yon delegasyon OFATMA deja deplwaye nan Kiba pou resevwa pasyan yo epi asire tout bagay mache byen ak lopital Kiben yo.

Vòl sa a se premye etap nan yon pi gwo plan evakyasyon medikal entènasyonal OFATMA mete sou pye. Daprè sa yo di, gen lòt vòl ki deja pwograme pou jou k ap vini yo, an kolaborasyon ak sèvis medikal Kiba ak konpayi lojistik Good Morney.

Avèk inisyativ sa a, OFATMA vle montre li pran angajman l oserye pou pèmèt tout asire li yo jwenn bon jan swen, menm si sa mande pou yo ale lòt bò dlo. Se yon repons dirèk fas ak mank kapasite medikal peyi a pou trete ka grav yo.


Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl

Subscribe to get the latest posts sent to your email.