Friday, March 14

OFATMA angaje l pou egalite ak emansipasyon fanm nan Jounen Entènasyonal Dwa Fanm lan

Nan okazyon 8 mas, Jounen Entènasyonal Dwa Fanm, OFATMA renouvle angajman li pou ankouraje egalite ant sèks yo e pou soutni emansipasyon fanm nan tout sektè nan sosyete a ak nan travay.

Fanm yo jwe yon wòl kle nan enstitisyon nou an, yo pote ekspètiz yo, devouman yo ak vizyon inik yo ki kontribye nan kwasans OFATMA. Wòl yo enpòtan, pa sèlman nan jesyon chak jou, men tou nan definisyon lavni enstitisyon an, pou n site pawol Direktè Jeneral la, Vikerson Garnier.

Egalite chans se yon poto mitan sou ki nou bati yon avenir pwospè. Nan OFATMA, nou angaje nou pou kreye opòtinite egal pou tout moun, ankouraje divèsite e garanti ke chak fanm ka jwe yon wòl kle nan devlopman peyi a.

Nan okazyon jounen sa a, nou selebre fòs, rezistans ak kontribisyon fanm nan sosyete a. Ansanm, ann travay pou fè Ayiti vin pi jis, plis ekitab ak plis enklizif pou tout jenerasyon k ap vini yo.

Ann fè egalite ant sèks yo tounen yon reyalite, jodi a ak chak jou.


Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl

Subscribe to get the latest posts sent to your email.