
Laurent Salvador Lamothe anonse piblikman, sou kont X li, ke li pase nan yon lòt etap nan batay li kont sa li rele kanpay difamasyon ki fèt kont li sou rezo sosyal yo. Ansyen Premye minis la fè konnen kabinè avoka li yo deja angaje pwosedi legal fòmèl kont yon moun k ap viv New York, li akize kòm youn nan moun k ap envante epi gaye fo enfòmasyon sou non li.
Dapre Lamothe, dosye sa a se sèlman premye nan yon seri aksyon ki vize yon ti gwoup moun ki deja byen idantifye. Li esplike ke sa k ap fèt la pa senp opinyon, men pito yon travay òganize pou fabrike manti ak sal repitasyon li. Pou li, libète lapawòl pa bay pèmisyon pou kreye fo akizasyon avèk entansyon fè mal.
Dans le cadre de mon #combat pour la vérité et contre la diffamation, mes cabinets d’avocats ont engagé aujourd’hui des actions formelles contre un diffamateur résidant à New York.
— Laurent Lamothe (@LaurentLamothe) January 9, 2026
Il s’agit du premier d’un groupe restreint de personnes clairement identifiées.
L’invention et la…
Nan deklarasyon li, li mete aksan sou lefèt ke envante manti pa tonbe nan kategori opinyon, men se yon zak lalwa pini. Se poutèt sa, li avèti ke moun ki enplike yo kapab reponn devan lajistis, pa sèlman Ozetazini, men tou nan lòt jiridiksyon tankou Miami ak Paris.
Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl
Subscribe to get the latest posts sent to your email.
