
Le 14 novanm, Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) soumèt bay pouvwa egzekitif la yon pwojè dekret elektoral ansanm ak yon kalandriye pou pwochen eleksyon yo.
KEP a presize dokiman sa yo pa ka aplike san kèk kondisyon esansyèl : piblikasyon dekrè a, yon nivo sekirite ki akseptab, epi finansman ki garanti. Sa montre pwochen eleksyon yo depann anpil de evolisyon sitiyasyon peyi a.
Nan yon kontèks kote gang kontwole anpil zòn e kote vyolans ogmante, òganize yon eleksyon serye rete yon gwo defi. Depi asasina Jovenel Moïse an 2021, absans eleksyon ap agrave kriz enstitisyonèl la. Kalandriye KEP a se yon siyal, men li chita nèt sou amelyorasyon sekirite a.
Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl
Subscribe to get the latest posts sent to your email.
