Saturday, March 7
PUBLICITÉ
COMPAGNIE DIGNITE

Grand Sid : DINEPA kontinye amelyore aksè ak dlo potab

Soti 23 pou rive 25 fevriye 2026, Direktè Jeneral DINEPA, enjenyè Théophil Ostinvil, te fè yon vizit sipèvizyon ak evalyasyon nan travay reparasyon ak agrandisman rezo dlo potab nan Grand Sid, espesyalman nan Jeremi ak Okay.Li te akonpaye ak Direktè Rejyonal Sid la, reprezantan Koperasyon panyòl atravè pwogram UrbAyiti, ekip teknik li ak kèk jounalis.

Vizit la te pèmèt li verifye kijan travay yo ap avanse epi si antrepriz yo respekte angajman yo.Nan kad vizit la, yo te rankontre ak konpayi k ap egzekite travay yo pou evalye pwogrè, idantifye difikilte ak diskite sou delè livrezon. Yo te vizite tou plizyè chantye pou konstatare sitiyasyon reyèl enfrastrikti yo.

Direktè Jeneral la te mete aksan sou nesesite pou akselere travay yo pandan y ap respekte nòm teknik ak kalite DINEPA egzije. Li reafime angajman enstitisyon an pou amelyore aksè ak dlo potab pou popilasyon Jeremi ak Okay.Travay sa yo ap fèt gras ak finansman Koperasyon panyòl (AECID) ak Inyon Ewopeyen atravè pwogram UrbAyiti.

DINEPA anonse li pral kontinye ranfòse enfrastrikti dlo nan lòt depatman pou bay sèvis dlo ki pi fyab, kontinyèl ak aksesib pou popilasyon an.


Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl

Subscribe to get the latest posts sent to your email.