
Gang « Gran Grif » frape ankò bonè samdi maten nan komin Ti Rivyè, kote li te lanse yon atak san pitye sou yon gwoup machann k ap desann al nan mache. Daprè temwanyaj sou plas, atak la lakoz lanmò omwen de moun, plizyè blese, epi plizyè lòt kidnape, pami yo gen etidyan.
Bandi yo te louvri kout zam san bay okenn avètisman, sa ki te mete tout zòn nan nan gwo panik. Pami viktim yo, gen machann byen konnen nan kominote a, epi kèk jèn ki t ap al swiv kou samdi yo. Fanmi moun yo kidnape yo deja resevwa apèl kote ravisè yo mande gwo ranson pou libere yo.
Sitiyasyon an vin pi grav toujou, paske lapolis lokal la, ki pa gen ase resous, pa rive mete kontwòl sou gang sa a ki deja ap simen laterè nan tout fon Latibonit lan.
Nouvo zak vyolans sa a mete kesyon sou kapasite Leta a pou asire sekirite popilasyon an, pandan gang yo ap mete pye pi fon chak jou nan zòn riral peyi a.
Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl
Subscribe to get the latest posts sent to your email.
