
Otorite Dominikèn yo sispann yon gwo kagezon zam ak minisyon ki t ap sòti Etazini pou ale Hayiti, daprè jounal Diario Libre. Dekouvèt la fèt pandan yon enspeksyon nan pò Sen-Domeng, kote otorite yo mete men sou zam lou ki te kapab ogmante vyolans ann Ayiti.
Nan sa yo te sezi yo, te gen yon fiziyad Barret 50 mm, 17 fizi 7.62 mm, yon fizi 9 mm, 5 pistolè Glock 9 mm, yon mitrayèt Uzi, 36 000 katouch diferan kalib, 18 chaje fizi ak 13 chaje 9 mm, yon chaje 50 mm, yon silansyè ak yon bwat pistolè.
Otorite Dominikèn yo ouvri ankèt pou idantifye kiyès ki te voye ak resevwa kagezon sa a. Yo di y ap kontinye efò pou anpeche Dominikani sèvi kòm wout trafik zam, yon fenomèn ki ap agrave ensekirite epi bay gang plis pouvwa ann Hayti.
Discover more from Hayti Kiskeya Nouvèl
Subscribe to get the latest posts sent to your email.